MyLyricsFinder

Lyrics

Depi le mwen te tou piti Mwen toujou konn ap siveye Kile papa'm ap antre Lem vinn grandi mwen gen lespri Se le sa m'realise papa'm se mesye marye Chak fwa pou'l rankontre'm se nan kache se nan sere Se toujou avek dlo nan je Chak fwa pou'l rankontre'm se nan kache se nan sere Paske mwen se pitit deyo Pitit deyo Pitit deyo Pitit deyo Mwen di hey, mpa vle moun konprann map vinn defann vagabond Se pa konn mpa konn papa'm pa gen reson Men kisa'm fe poum mande padon Madan marye voye pie, se tout dwa'l men'l pa panse Mwen pat mande poum existe Papa'm vle supote'm men madanm li oppose I know why, paske mwen se pitit deyo (Klass it is baby, yes it is baby) (Nickson, aya man) (Yes ay) (Klass it is baby, yes it is baby) Mwen konnen papa'm an tò Paske'm se pitit deyò Madan marye! Tanpri ban'm yon ti chans Se pa mwen kite mande fèt E'm pa kwè papa'm regrèt Madan marye! Tanpri banm yon ti chans Oh! se pa yon bagay ki fasil Yon fwaye k' pa ekilibre Manman'm pase mizè anpil Dèfwa li gade'm li tonbe kriye Kesyon mwen gen pou ou madanm Kijan'w tap santi'w nan plas mwen? Eske'w patap soufri? Ou pa tap jemi? Banm yon ti chans tanpri Mwen konnen papa'm an tò Paske'm se pitit deyò Madan marye! Tanpri banm yon ti chans Se pa mwen kite mande fèt E'm pa kwè papa'm regrèt Madan marye! Tanpri banm yon ti chans Se pa yon bagay ki fasil Yon fwaye ki pa ekilibre Manman'm pase mizè anpil Dèfwa li gade'm li tonbe kriye Le mal est déjà fait madanm Kijan'w tap santi'w nan plas mwen Eske'w pa tap soufri? Ou pa tap jemi? Banm yon ti chans tanpri Gen madan marye ki pa konsa (Kalito, aya man) Mwen di woy! woy! woy! Gade mizè mwen! Woy! woy! Mwen di woy! woy! woy! M'di gade touman mwen! Woy! woy! Epi tout moun repete sa konsa Peyi'm gen yon bann moun konsa ladann Gen yon pakèt pitit deyò ladann Gen yon bann timoun san papa ladann Sa pa ladann, sa pa ladann Peyi'm gen yon bann moun konsa ladann Gen yon pakèt pitit deyò ladann Gen yon bann timoun san papa ladann Sa pa ladann, sa pa ladann M di li pa bon, li pa bon Sa pa bon, li pa bon (Oh, oh) M'di li pa bon, li pa bon Bagay sa pa bon, li pa bon(you know why)

Can't get it out of your head? Play “Pitit deyo” yourself.