MyLyricsFinder

Lyrics

M gen on demwazèl mezanmi mwen renmen anpil Chak jou m koutize l di l kijan m ta renmen nan vi l Yon bèl vi chaje bonè se sa mwen toujou ap ofri l Se t ap pi gwo onè nan vi m si m ta wè m vin mari l Chak fwa mwen di l jan m renmen l dlo toujou kouri nan je l Li pa janm di m sa l genyen malgre m konn ap pèsiste l Bagay la toumante m lè m wè m pat konn sa k nan panse l Men ofon mwen ka wè g on bagay k ap trakase l Yon jou li leve li di m mwen jodia fòk li ban m verite Se kè l kap rache li renmen m men relasyon sa pap ka mache Lavi l konplike li di m se pa bagay li renmen pataje Men l pa ka kache m li g on maladi li pa vle m kontamineLi di m li gen sida da da da da Lavi li tèt anba ba ba ba ba Li di mwen g on sèl chwa chwa chwa chwa Se di li orevwaM tèlman sezi si w pike m ou pap jwenn on gout san Jan ti po l byen bèl byen swa, jan l anfò m, jan li resan Pa tap janm panse li malad sa vrèman agwasan Mwen twouve m nan yon sitiyasyon trè anbarasan Mwen di l mwen dezole pou sa k rive l la sa blese m Li di m se pa fòt pa m se fòt lavi just ekata m Li di m nan vi mizerab li a l pa vle entegre m Mwen just reponn mèsi paske l pat chwazi enfekte m E kwè mwen si w vle malgre l di l malad la santiman m pa chanje Men gen danje, avanti sa oblije pa ka kontinye E mwen jire m ap toujou sipòte m nenpòt kijan sa ye Pou li m ap priye sou li pou maladi sa pa janm deraye Paske li gen sida mwen pap imilye li pou sa Maladi se sou moun li tonbe se pa sou bwa M ap ba l kouraj, ba l fòs ba l sipò M ap menm priye avè l resite tout sòm

Can't get it out of your head? Play “Sida” yourself.

Find the sheet music